Nan jou ki te mèkredi 15 jiyè 2026 la, yon gwoup sitwayen pran chimen ONM pou manifeste dezi yo pou benefisye chèk 100 mil goud Leta ap bay nan kad pwogram relokalizasyon an.
Toujou disponib pou pote soutyen ak akonpayman li, Kowòdonatè bwat la, Me Jean Négot BONHEUR DELVA, te rapid vit entèvni pou rasire yo epi pèmèt ajan ONM yo anrejistre tout moun yon fason pou ka verifye si non yo nan lis moun komite sit la te soumèt la.
Devan yon sitiyasyon konsa, nou twouve n nan obligasyon pou n pote plis esplikasyon sou dewoulman operasyon nou yo. Yon fason pou n ede piblik la e sitou enterese yo genyen plis limyè sou fason nou pwosede nan kad pwogram relokalizasyon an.
Jan sa toujou fèt, sou chak sit nou travay, nou genyen yon pwosesis ki baze sou 3 etap. Dabò, nou resanse moun ki deplase yo(PDI), answit nou anrejistre yo epi pou fini nou livre yo chèk yo swa sou sit kote yo abrite yo a oubyen nan lokal enstitisyon an(ONM).
Sepandan, nou pa genyen responsabilite leve lis pou okenn sit. Travay sa rezève espesyalman ak komite sit yo. Piske yo konnen pi byen pase nou, tout moun k’ap viv sou sit yo. Kidonk, travay pa nou an fèt ak lis komite a bannou.
Konsa, yon moun ki konnen li t’ap viv sou yon sit epi li ta va konstate non l pa soti nan lis la, li dwe wè sa prese prese ak komite a ki se prensipal konsène nan zafè prepare lis.
An pasan, nou vle atire atansyon tout moun sou yon fenomèn k’ap devlope nan dènye jou sa yo, kote gen moun ki pat janm nan sit k’ap eseye fè tèt yo pase pou PDl. N’ap mande yo pou yo sispann ak pratik sa. Paske sa pa sifi pou fè yo benefisye de èd sila, okontrè sa ap ralanti pwosesis la pou ta pèmèt vrè viktim yo jwenn rapid vit aksè ak soutyen finansye sila pou ede yo relokalize tèt yo.

